Travay – Barikad Crew [Kanaval 2016]

BarikadNan silans nou travay san pèdi sans
Ya heard me?
Ayisyen nou konn sa li ye deja

One, two, three, four, five, six, seven, eight, nine, ten
BC (rpt), c’est quoi l’affair?
BC (rpt, you know what it is

Travay s on gwo bagay
Lakay fò n sispann batay,
Pou n met peyi a sou ray Nou bezwen travay
Bezwen moun ak mind pou n fè bèl bagay
Jenès la bouke pase tray
Fò n ba yo travay pou yo pa detay
Sa k deyo retounen lakay pou vin ede n travay

Anplis de lòv nou bay, fanatik yo fè n travay
Gen sa k di n s on grapyay, poutan nou fè bagay
Medam an n fè l bye bye, mesye no briganday
BC pral fè nou high, yo renmen jan n travay

Ayayayay tande on deblozay – li cho li cho
Rap sa a boule tankou on loray – se blogodow
Barikad rive l tranble tout kay – vin voye dlo

Travay
Si n bezwen tout bon Ayiti avanse – travay
An nou met men, pa gen chita ranse – se pou nou travay
Fòk nou respekte tout moun k ap kreye – travay
La critique est aisé, il n y a pas de sôt métier

Se pa rete tann gouvènman an, li lè pou n f on mouvman
Ou gen plis pase 40 an toujou sou kont paran w
Pede pran dyaspora sou plan pou jwenn transfè lajan
Peyi nou g on pakèt richès epi n tankou mandyan

Madanm mwen leve l kite kay la paske m pap travay
Menm vwazin ki konn prete m tay la di li pap ban m ride
Depi w pap fonksyone moun joure w parese
Lè w bezwen ou mande, yo trete w ti visye
Ou detay, ou detay nèt
Avèk lavi m ap fight
M ap met may, m ap met may nèt
Kanmèm fò m jwenn travay
Ou te mèt ap pouse on bourèt yo pale w mal
Pa okipe yo
Konnen travay se libète, lè yo gade w, wale kite yo

Mwen di w bwase men pinga w vann diyite w pou djòb
Ou ka ponche san w pa bay okenn patwon blowjob
M travay anpil avèk mikro, m chante pou pèp m chante pou sa k la
Gen jen n gason k chanje nivo tankou dè fanm li fè travay chak swa
Bravo pou tout entreprenè k ap bay moun degaje
E chapo pou tout paran k ap goumen pou jwenn 2 papye
Pare w pou konbat lavi, ganye w s on konba avi
Pa bliye ke Ayiti ka cheri, l pa paradis
Wiiii

O Bondye (papa) banm pwisans o (R Mix)
Pou m lite anba mechan yo (ba nou kouraj)
Nou fè sakrifis (chak jou)
Nou pa jwenn jistis (nope)
N ap ret pi fokis, pou n travay pi plis
Epi tout fanatic chante

(O o o o)
Grenadye rèspè
Ochan pou travay Black la

Pou valè obstak m konnen nou pase
Yo di n fè vye zak poutan se pa vre
E m konn Barikad pap janm efase
L ap toujou ret nan memwa nou

Saj, ba nou kòd

Fò n pa bliye lè n ap pran plezi nou (toujou sonje)
Nou dwe pwoteje vi nou (mete)
Pase nou se avni peyi nou
Nou pap kite anyen detwi nou

Men chanpwèl la
Izo pral ba yo tèk
Fantom pral ba yo tèk
Nou pran yo depi opa (2x)
Konda pral ba yo tèk
Bricks bika ba yo tèk
Nou pran yo depi opa (2x)

BC gaye wonn nan
Nou kase chelèn yo
Ak yon gwo tèk nan mitan wonn nan
Sa a pa gen
BC gaye wonn nan
Rap sa rann yo tengo
Ak yon gwo tèk nan mitan wonn nan

Nou sonnen on lòt jan

Gad jan on peyi rich, pou n ap pase mizè
Se paske nou chich nou pa vle viv anpè

Wo… pèp Ayisyen renmen travay
Ba yo travay, travay se libète
Wo ou wo… pèp Ayisyen bezwen travay
Ba yo travay, pou nou ka avanse

Si w bezwen travay, met mayo w anlè
Si w konn fè travay, met kepi w anlè
Si w konn bay travay, leve de men w anlè
Souke souke souke souke yo

Wo… pèp Ayisyen renmen travay
Ba yo travay, travay se libète
Wo ou wo… pèp Ayisyen bezwen travay
Ba yo travay, pou nou ka avanse

Sa k te di w fè sa (mèwi)
M konn sa m ye deja (ou trayi pèp la papa)
Wa l chèche traka (vin foure men non )
Ou tonbe nan a a (bann abolotcho)
Rale kò w la (3x) rale
(Radòt, anyen w pa ye, ou pa kapab)

Sa k te di w fè sa (Di yo sa)
M konn sa m ye deja (Djaz peyi a wi)
Wa l chèche traka (o o)
Ou tonbe nan a a (ou bade)
Rale kò w la (3x) rale
(Ou s on radòt, kaka sou bwa)

Nan peyi sa a, men sa nou fè,
Onore nèg 2 men anlè epi di: li fè travay, li fè bagay
Pale moun mal se sa ou fè
Men nou pap janm wè sa ou fè
Ah monchè – kite m travay
Chèchè on bagay pou fe

Tout sa k vin monte mal – koblip
Ti ratatataw – 2 pa
Anyen afè – koblip
Tout woulibè – 2 pa
Pou tout fanatik – koblip
Sa k gen zizirit – 2 pa
Tout sa yo te vle n fè, n pa fè,
Efè nou ret yon mit

Wo… pèp Ayisyen renmen travay
Ba yo travay, travay se libète
Wo ou wo… pèp Ayisyen bezwen travay
Ba yo travay, pou nou ka avanse

Ban m bon jan, kounya m ap travay

Mache l non madanm, mache li
Wouy, too loose, baby alèz
Ou pran charge?

 

Les commentaires sont fermés.