Sa se Kanaval (3e semenn)

Depi twa (3) semenn mizik kanaval ap woule nan radyo an Ayiti ak sou entènèt. Pifò gwoup mizikal fè soti « Mereng » yo. Nan Sa se kanaval, nou bay opinyon nou sou mizik kanaval nou te tande pandan de (2) premye semenn yo. Nou tande anpil nan mizik ki soti pandan twazyèm semenn nan, nap pwopoze nou kèk mereng ke nou tande pou semenn sa ke nou panse ki gen yon bon travay ki fèt ladan yo ke se nan nivo tèks oubyen nan nivo melodi.

Kreyol la… nan Lespri Kanaval la !
Mizik ke Kreyol la lage pou kanaval ane sa sonnen tankou yon bonm, ke se kote tèks ke se kote mizikal.  “Peyi cho pa pou mwen” se pa yon tèks ki pale de moral kote ou ka denonse koripsyon oubyen moun kap volè kòb peyi a, li sèlman pale de kèk abitid ayisyen genyen, yo reyisi rete nan tèm otorite yo chwazi pou kanaval la, sèlman yon ti pwent yo tire sou vwazen yo a kap limen dife ane sa. Si pati betiz la ka choke kèk moun sou pakou kanaval la, fason yo mete li nan vèsyon ki soti nan radyo a byen pase. Kote mizik nou ka plenyen pou yon mank melodi, men sa pa anpeche mereng lan ritme anpil li kenbe w san pran souf jiskaske Samy B ki patisipe nan kanaval la ane sa rantre pou l pèmèt nou respire. Bon aranjman byen chofe, yon bon kanaval ki ta sipoze byen pase sou pakou a.

Rock Fam…Rap Melodi
Li pa fasil pou nou jwenn melodi nan mizik rap, nan “Filalang” Rock Fam reyisi fè sa. Kote mizik, se pa sèlman animasyon, gen anpil pati pou moun chante sou yon fon mizik bann a pye, yon mizik dous, chofe , tout pati yo byen rantre youn nan lòt. Kote tèks se yon plon gaye, li pa fasil pou idantifye sijè a, yon pati yo ta vle sosyal yon lòt pati sanble polemik, men kalite mizik la rive kouvri pwoblèm tèks la. Si moun te doute nap di yo sa , Rock Fam konn fè kanaval.

Gamax… an granmoun.
Depi sou premye nòt mizik la, ou rete kole la ap tann sa ki pral pase, ou paka pa satisfè. “Tèt ansanm” se tit mereng Gamax la, nan tèks la gen yon bon pati kote yap mande pou pa gen vyolans, men yo pa rete sou sijè sa selman, gen pati ki sèvi pou animasyon ak kèk mo ki gen doub sans. Pi gwo travay la se nan mizik la ki byen aranje. Li kòmanse dousman pou finalman antre nan yon kanaval ki gen anpil enèji kap degaje san ke mizik la pa janm agresif, se yon mizik ki gen anpil melodi ak anpil pati pou moun chante. Plis atansyon ta sipoze mete sou djaz sa kap ban nou bon mizik.

Robert Martino and Friend’s…yon ti vwayaj nan tan lontan.
La nou pa annafè ak yon nouvo kanaval men pito sa yo rele yon popouri. “Nou Pa bliye” se yon mizik kanaval ki se yon melanj kanaval Difficiles de Petion-Ville ak Scorpio kite make epòk pa yo. Nap gade kalite mizik kap degaje nan popouri kanaval sa epi nap wè nivo djaz sa yo te ye. Van an te prezan ak anpil enèji, solo gita yo pat anpeche mizik la mache, melodi pyano a te bon anpil. Se yon bon ekzèsis pou nou konnen kisa moun yo te konn fè lontan…

Souvan se pa gwoup ki pi popilè yo ki fè pi bon mizik, kòm gen anpil mizik ki soti, nap pwopoze nou yon “playlist” mizik kanaval ki make nou anplis de sa nou te pale de yo pi wo a.

Yves Osner Dorvil | Créez votre badge

Les commentaires sont fermés.