Sa se Kanaval (1e ak 2e semèn)

Kanaval se plezi, defile, yayad, taye banda. Kanaval an Ayiti  chita anpil sou mereng gwoup yo ap soti pou okazyon an.  Anpil moun branche radyo ak entènèt ap veye ki mereng ki soti, kiyès ki pi bèl , kiyès ki di plis pawòl piman bouk, kiyès ki pi popilè, kòman polemik lan ye, ki gwoup ki merite sou cha pandan defile a. “Sa se Kanaval”, ribrik Tipiti sou kanaval la retounen pou ane 2015 lan, nou koute mereng yo, voye ou al tande sa nou panse ki fè yon bon travay. Nou bay dizon pa nou sou kanaval la nan sa ki gen pou wè ak mizik.

Ane sa nou pa gen anpil jou anvan kanaval la rive, djaz yo, bann ak dj oblije soti kanaval yo pi vit.  Sou kat (4) dimanch pre kanaval youn gentan pase. Anpil mereng gentan soti. Pami sa ki soti anvan vandredi 23 janvye nou seleksyone kèk pou ou. Twa (3) nan yo soti nan lo a dapre nou.

Olivier ak Roody ap konfime
An franse yo renmen di “ Jamais deux (2) sans trois (3)”. Olivier Martelly ak Roody fè li yon twazyèm fwa avèk “Ti lezanj”. Yon mizik senp, san gwo inovasyon men ki antrenan anpil. Yon tèks lejè , san mo ki ka deranje. Yon Mizik Kanaval ke timoun ou ka tande  san okenn pwoblèm. Sa ki pa fasil pou jwen dènye ane sa yo.  On kout chapo pou kolaborasyon sa a.

Blayi One kalite garanti.
Apre « Dlo gaye »  2014,  Blayi One ban nou  « 3 pwen 15 se boul chen » an 2015. Mwen ka di nou kanaval sa merite pou n al koute li. Yon tèks ki pa fasil men ki enteresan anpil. Yo ap fè moun sonje ke ane demilkenz (2015) la fè san (100) ane depi Ayiti te gen yon okipasyon peyi Etazini, e ap mande pou nou vijilan; tout sa ak yon tèks ki chaje metafò. Kote mizik, se yon bèl dyalòg ant chantè a ak koral la, sou yon enstrimantal antrenan ki sanble yon bann a pye. Yon  gwoup mwen ta renmen wè nan pakou a, men bon…

Krèm de Jacmel pou tout nostaljik yo
Ou pa ta di «Digital Express», Chikin kòw se tit mereng Krèm de Jacmel la, yon kanaval ritme sou  yon konpa tradisyonèl. Mwen pa wè poukisa yon gwoup konsa paka souke channmas si yo ta ba li yon chans nan pakou a. Li pa gen yon tèks ki rakonte anyen, se yon melanj slogan, djòlè ak pawòl ki pwal chanje sans sou pakou a men kote mizik bon bagay, yon konpa ak senbal koral yo antrenan e solo yo byen tonbe.

Gen lot gwoup ki ta merite pou nou fè yon ti pale sou yo. Nan lis ki anba nap rekòmande lòt mereng mwen panse ki gen yon travay akseptab.

Yves Osner Dorvil | Créez votre badge

 

Les commentaires sont fermés.