Vil bonè m – Wooly St-Louis Jean

Refren

Lanmou pa ta lanmou si m pat kontre avè w

Lavi m ta san koulè si w pat tann mwen lamen

Kèlkeswa sa yo di, kèlkeswa yo fè

Aswè a m deklare  se ou ki vil bonèm

I

Pyebwa k te defleri rekòmanse souri

Lanmè k te demonte kòmanse kalme kò l

Vag li kou ti mouton vini mouri nan pye w

Menm syèl la siye je l solèy la repwente

(Refren)

II

Lanmou konn fè mirak lè li sanble avè w

Pèsonn poko di m non w men m konn kiyès ou ye

Chak fwa w pase yon kote fòk tout moun yo sonje w

Ou menm avèk lalin nou ret nan menm katye

(Refren)

III

Yon ti van ap soufle sèvolan ap gwonde

Balkon yo pavwaze peron yo dekore

Tout moun aliyen de bò yon bèl fanm ap pase

Cheri pito w rantre gen twòp je kap gade w

Refren

Lanmou pa ta lanmou si m pat kontre avè w

Lavi m ta san koulè si w pat tann mwen lamen

Kèlkeswa sa yo di, yo mèt fè  sa yo di

Aswè a m deklare  se ou ki vil bonèm

Les commentaires sont fermés.