Tinonm – BélO

Tinonm tinonm tinonm (woooo)
Tinonm tonbe sou moto
Li kouche lopital sou do
Tèt matant Andrea cho

Bondye papa, pou kisa se konsa
Tout lavi tinonm nan s’on kochma
Msantim about oh Andrea
Pouki malere andeven konsa
Move lavi, pa gen avni, nan pedènal bagay la rèd o
Bouske lavi, detwi lavi, lamizè fe’n moute mòn pa do
Li chache travay, “li pa jwenn li pa jwenn”
Lap fè yon pyès kay, men li pa gen nan menl
Tinonm nan gen chay e lavi ap mal mennenl
Matant Makilèz vann yon bèf li achet’on moto

Bravo… wo tinonm tinonm bravo
Tout vilaj la ki an jwa
Bravo…
Se li’k rele, li’k repon
Tout la sent jounen, moute desann
Ti gason sansib pou manmann
Tout kòt fanmi an sou kont nononm
Ti gason an travay pase chwal
Li eritye devwa papal
Gras a dye ou ka wèl pa pi mal
Men sèl babay fòw wè etal
Li pa gen tan poul dormi
Li pa gen tan poul manje
Tout lajounen lavi lap chache
Andrea tap fè kafe, epim tandel kap kriye
Mwen fon proche, mandel sak pase

Li dim wo tinononm tonbe sou moto
Woo wo tinonm tonbe sou moto

Bridge
Tinonm dwe leve ( 3 fois)
Souke li, sak ka priye la priyè pou li
Tinonm pap mouri tinonm pap mouri
Tout moun nan vilaj la se sou li yo konte
Se li’k tèt sèkey Andrea li paka ale
Ouke li,
Boul timas,
Zoranj si,
Rale li, fè ti te pou li
Se li’k espwa nou

 

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.