Ekoloji – BélO

Tèt mòn lakay yo gen chagren
Sezon la pli, a tanmen
Dan wòch ak sab dégrennen
Nan fon lanmè yal fè yon kwen.
Do plen kòche, gòj yo tòde
Sezon sèk savan dezole
La tè dekale, trip kòde
Gout lawouzé yo ékzilé.
Bagay yo maré, y-antòdyé
La vi, lanmò, mizerere
Nou ekspoze, nou andanje
Malè pandye mobilize

Fo’n pran fò’m kò’n
Nou pa pou kèn nan foul la
Fò’n veye zo’n, nap pèdi po’n
Nan foul la
Tout mòn lakay déplimen
Pa ret zèb ginen
Ekosistèm nan anvlimen
Anpil sous, bon ti sous anpwazonnen.
Zannimo yo jennen, yo detounen
Mikwòb, maladi dechennen
Vizaj peyim grizonnen
Sin’pa pran byen pap rét anyen,
Papiyon ak myèl yo kraponnen
Bèt nan dlo yo, vanse bay legen
Ti zwazo pa santi yap viv byen
Yo pran refuj yo kay vwazen
Sin pa pran byen ou pap tounen
Prekosyon pa kapon

 

Lyrics: Jean Winer PASCAL and Jean BélOny MURAT (BélO)
Music: Jean Bélony MURAT (BélO)

 

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.