Karma- Toxic

Nou pot manje sou tab «Lucifer»

Nan Lanfè

Pi gwo fado ke « l’homme» ak «la femme»

Janm trennen

Lè nou fè youn soufri

Pou yon moman dezi

Nou pwovoke trajedi

 

Epizòd sa a nan « vie » chak kretyen

Pa gen fen

S’on mache, nou tout vin twoke

Yon bon pou yon byen

Nou depanse jodi

San panse pou demen

Menm « pain quotidien » nou

 

Wi zanmi m’ ou ka chwazi yon tèl « vie »

Pa sezi

Lè « la vie » ou tounen yon lak manti

Gen sansasyon nan fè youn lòt desepsyon

Men sa ou simen se li wa wè

An verite li wa va wè,

Se li wa wè

 

 

Isiba sou latè mwen chèche Poutan m’ pa jwenn « saints »

Tout zanj vin zonbi

Bouch yo fè dlo

Douvan sèl lachè

Vanite rann yo fou

Pwomennen nan tout twou

Eske n’ pèdi wout syèl nou?

 

Wi zanmi m’ ou ka chwazi yon tèl « vie »

Lè ou fè li

« Karma » toujou kenbe pwomès li

Trayizon bay kokennchenn satisfaksyon

Wi sa ou simen, se li wa wè

An verite li wa va wè

Se li ou a wè

 

Pou yon « bout de superficiel »

Nou sakrifye « l’essentiel » :

Lanmou !! Lanmou !!

 

Ou ka chwazi

« Karma » kenbe pwomès Li !!!

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.