You dont want me – Klass

Klass-Album-Fel-Vini-Avan-Cover-AlbumTankou lespri kap viv anndan ou

Mte konn tout saw panse

Sekrèk nan kè ou

Tout emosyon ou

Ou se solèy ki te leve jou

Se ouk te fèm goute privilèj lanmou

Tout sa sete ou

 

Kounya nap janbe yon kafou

Janm wèl la pap fè demi tou

Sonw lwa sou teritwa lanmou

Moun pa fose moun

Mwen pral aji kou yon  moun grandi

Menm lè nan kem sonw timoun piti

Yon moun pa janm dwe kenbe sa ki pa pou ou

Sa ki pa pou ou

Non mwen pap pèdi tan

 

Pa koute feblès mwen pou diw rete avèk mwen

You don’t want me, are you ready now.

Pa koute feblès mwen pou diw rete avèk mwen

You don’t want me, let me go.

 

Mwen pa vle diskite,

mwen jis wè ou pa vle devwale

Ou kapab pranm pou egare

Poutanm konn plis ke saw panse

Pou valè kozem koze  koze

Ou toujou di map egzajere

Pou valè palem pale pale

Li klèw pap janm chanje

Ni ou  pap janm dim la verite

 

Pa koute feblès mwen pou diw rete avèk mwen

You don’t want me, are you ready now.

Pa koute feblès mwen pou diw rete avèk mwen

You don’t want me, let me go.

 

Si tout bagay fane

Pap fosew ni m pap oblijew

Men se enpotan pou mwen fom mandew

Gen kouraj pouw dim sal ye

Pou valè kozem koze  koze

Ou toujou di map egzajere

Pou valè palem pale

Mwen prefere ret poukom olye se ou ki akonpayem

 

Se kom yon maladi l ye ,

Yon kè finn tonbe l pran tan

Pou li level mache

Men mwen pap lage

mwen rete kwe

Avek ou menm sete yon preparasyon avan

Mwen jwenn yon moun ki kwe menm jan ak mwen

yon amoure se yon yon pasyone

 

M pa regrèt tout lane n pase ansanm yo

Si ak tout kem toujou renmenw men mwen paka fosew renmenm

Si ak tout kem toujou renmenw men mwen paka fosew renmenm  

M pa regrèt tout lane n pase ansanm yo

 

Se kom yon maladi l ye ,

Yon kè finn tonbe l pran tan

Pou li level mache

Men mwen pap lage

Mwen rete kwe

Avèk ou menm sete yon preparasyon avan

Mwen jwenn yon moun ki kwe menm jan ak mwen

Yon amoure se yon yon pasyone

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.