Kè Mwen Kontan – K-Zino

Sou kabann mwen mwen te kouche

Ooo mwen te kouche poukont mwen

Avèw mwen tap panse,

Chagren anvayi kè mwen

Mwen santim komanse bouke

Oooo bouke rete poukont mwen

Sa gen lontan la vim chanje

Depiw ale byen lwen

 

Se chak jou map sonje

Tout sa nou te konn fè a de

Kounya m santim paralize

Menm nan yon fèt mwen pa ale

Tout sa map fè se ou mwen sonje.

 

Vinn jwenn mwen , mpaka kenbe anko

vinn jwenn mwen  .

 

Se Bout a bout jou yap pase

Ooo yap prolonje mize mwen

chak 1h tan se yon ane

Sonw kouto kap dechire kè mwen

Se kounye map realize

oooo gade soufrans mwen

Gade se lèw pa bo kotem mwen wè valèw tout bon vre

konnenm te toujou oqp

Avèw bonèm te asire

Nan sinema nou te konn ale

ti lanmè nou se pa pale

Si se pou plezi nou pat manke

 

Vinn jwenn mwen , mpaka kenbe anko

vinn jwenn mwen  .

 

Men vakans yo ap proche

sa map tann seke w rele

Pouw di mwen sam anvi tande

Se pandanm tap dezespere

nan pot la m tande yap frape

M leve mal gade

gade poum we ki moun sa ye

Lem ouvri mwè se ouk kanpe

an verite m panse m tap reve

Poutanm wè se vre

manvi chante

 

Kè mwen kontan

Manvi rele woooo

Pral kraze kay la

Siw wèm kanpe map chante

Kè mwen kontan

Manvi rele woooo

Pral kraze kay la

Kè mwen kontan

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.