Banda – BélO

Men se konsa, konsa n ou te kon fè saBélO - Haiti Debout
Nou pat bezwen posede milyon dola
An ete solèy la pi cho
Fèt chanpèt gaye tout kote
Vwazen pase pwan vwazin
Kouzen kouzin konsa plezi gaye
Mwa dout la rive tèt nou cho
Moun nan pòtoprens pap rete
Depi sou manzè Sandrine
Tout moun ap chache kot plezi a ye
Yal pran plezi

chorus
Nègès lakay kap taye banda
Moun laferonay
Ak nèg lakay kap taye banda
Tout bann rara’k pase
Nègès lakay kap taye banda
Se danse yap danse
Ak nèg lakay kap taye banda

Gen moun ki vin nan fèt chanpèt la
Se gade yo vin gade kijan lap pase
Konsa genyen ki vin nan fèt chanpèt la
Se lajan yo vini pou yo ka depanse
Fèt chanpèt pa mande gwo
Pa gen diferans nivo
Depiw la wap jwen anbyans
Pou pi piti yon ti dans ka mete’w an trans
Nan fèt chanpèt tout moun mele
S’on bon moman pou’n rankontre
Menm si apre’n pwal separe
Na wè lòt ane si Dyeu vle

chorus
Nègès lakay kap taye banda
Tout moun lakou bare
Ak nèg lakay kap taye banda
Tout bann rara’k pase
Nègès lakay kap taye banda
Danse yap danse
Ak nèg lakay kap taye banda

Machan pistach, machan tablèt ak machan dous kokoye
Machan bouji, machan imaj les Saints, tout moun la fòk manje
Touris lokal, moun pwal nan bal, se prèskon anbyans kanaval
Chofè kamion, ak majò jon, tout moun ap fè lajan
Wi se konsa konsa nou te kon fè sa
Nou pat jennen lè’n te kon danse rara
Nou gen yon kilti ki trè fò, ki pa ekziste lòt kote
Touris nan le mond antye kon debake vin admire folklò
Tradisyon nou vo plis ke lò e poutan se li n’neglije
Serenad anba fenèt, kermès jou fèt, nou pa fè sa ankò
Pou’n pran plezi’’n

Nègès lakay kap taye banda
Tout moun lakou bare
Ak nèg lakay kap taye banda
Tout bann rara’k pase
Nègès lakay kap taye banda
Danse yap danse
Ak nèg lakay kap taye banda

Taye banda, taye banda, taye banda
Se sa nap taye banda, woy se sa gason
Taye banda
Ala nonm Bòzò papa !

Album Haiti debout (BélO), 2011

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.