Oupila – Fred Paul

Cheri lè n te kite
Kè m te tèlman blese
M te vle fè w mechanste.

Kou yon vwati ki dezanbreye
Tan an ape pase
Men mwen paka bliye w

M konnen se le pase
Men m toujou ap mande
Pouki sa pat mache

Ou fè m soufri lontan
A chak fwa mwen pale
Ou toujou di m se pa vre

 

Chak fwa ke m rankontre w
M fè kòmsi m pa bezen w.
Menm si ou wè m pap kriye
Andedan kè m ap dechire.

Chak fwa ke m rankontre w
M fè kòmsi m pa renmen w.
Menm si ou wè m pap kriye
Andedan kè m ap dechire.

 

Pou jan nou te renmen
Pèsonn pata panse
Ke  yon  jou n ta kite

Men lè sa pa mache
pa gen de solisyon
N oblije separe

M swete yon jou ou twouve
Yon lòt gason k renmen w
E ki pap janm kite w

Cheri pa janm bliye
Menm si n pa viv a de
Mwen vle w toujou erez

 

Chak fwa ke m rankontre w
M fè kòmsi m pa bezen w.
Menm si ou wè m pap kriye
Andedan kè m ap dechire.

Chak fwa ke m rankontre w
M fè kòmsi m pa renmen w.
Menm si ou wè m pap kriye
Andedan kè m ap dechire.

 

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
M santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti.
(2 fwa)

 

Byen ke m twouve yon lòt doudou
E m panse ak ou toulèjou
Lè konsa m santi m dekontwole, m santi m debousoule.
Wi se ou, se ou ki toujou gide mwen.
Li pran mwen tan pou m reyalize l e m paka efase l

 

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
M santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti.
(2 fwa)

 

Wa padone m si m di w cheri
lanmou m pou pap janm fini
Tèlman m gen souvni m pa ka bliye w… M paka bliye w.
Franchman m ta renmen wè ou ankò
Menm si n ta fè yon ti chita pale,doudou,m ta santi mwen soulaje.

 

Nou chak fè yon chemen
Pou soufrans nou pa retounen
M santi kè m vin febli
E lanmou pa frape piti.
(2 fwa)

Album Islam (Dadou Pasquet), 1993

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.