Sa se Kanaval ! (4e semèn)

Tankou chak ane, kou epòk sa rive, anpil ayisyen branche kanaval. Anplis de plezi, defile, yayad, ak taye banda ki gen nan twa jou gra yo, kanaval nan peyi Dayiti chita sou mereng gwoup yo ap sòti pou okazyon an. Ane sa ankò depi kòmansman mwa janvye a tout moun te gentan branche radyo ak entènèt pou veye ki mizik kanaval kap sòti, kiyès ki pi bèl, kiyès ki pi popilè, kiyès ki di plis pawòl piman bouk, kòman polemik lan ye, kiyès ki pral merite al sou cha pandan defile twa jou gra yo. Se yon tradisyon tou pou nou koute mereng diferan gwoup ki sòti yo epi bay dizon pa nou.

 sasekanaval

Semèn sa te kapita, pifò mizik kanaval yo sòti, anpil tenò mete mereng yo deyò. Se pa tout tenò ki bay satisfaksyon, ki konble atant fanatik yo. Pou nou menm kat (4) djaz sa yo te pi byen sonnen nan zòrèy nou : Watchout, Rockfam, Septentrional, Cap connection.

Watchout se pa yon yoyokana

Gwoup sa anpil moun pa konnen li, men li ofri nou yon bon mereng pou kanaval 2014 la «  YoyoKana ». Pou nou, se youn nan pi bèl pami kanaval Konpa yo. Li gen yon konpa tradisyonèl ak yon refren enteresan, tranzisyon yo fèt byen ak de (2) pasaj melodik ki pèmèt mizik la soufle. Kote tèks, Watchout sèvi ak yon mo ki alamòd « yoyokana » ki  se yon sinonim de « vye bagay » pou li bati tèks li a, ki pa depaman de tèm kanaval la. Sèl sa nou ka repwoche yo, se kòmansman mereng  lan ki pa anonse ke gen yon si bèl mizik, sa ki te ka dekouraje yon moun pou l kontinye tande kanaval la.

Rockfam Barikad Crew yon polemik  pwòp

Rockfam se youn nan gwoup rap ki popilè anpil nan kanaval an Ayiti. “Tetanos” se tit mereng  gwoup sa sòti pou kanaval la, byen chofe, mereng sa ba moun anvi tande l. Melodi ak refren antrenan, yon piyano ki pa janm sispann jwe, yon rara ki byen chita anba mizik la se tout sa ki fè kalite « Tetanòs » la. Tèks Kanaval chita sou polemik ki egziste ant Rockfam ak Barikad Crew ki li menm tou fè yon bon kanaval pou ane a. “Terapi” se tit kanaval Barikad la, Bit yo a melanje ak yon rara ki pi prezan ke pa Rockfam nan. Tèks yo a pa dirije konplètman sou konkiran yo a men gen anpil pwent ki tire. Polemik  sa se ta dwe yon ekzanp pou lòt gwoup yo. Yo pa chita sou vi pèsonèl konkiran yo epi polemik la pa anpeche yo travay mizik yap pote bay fanatik yo. Nap swete yo bòn chans pou pakou a.

Septentrional  ak Cap Connection yon bon travay

Anpil moun te ka apresye prestasyon Septen nan Kanaval Okap la ane pase a, ane sa ankò yo gen yon bèl mizik pou Kanaval la. Anpil melodi « Alamòd » se yon bon Mizik men nou pa konnen si nap jwen Septen nan Gonayiv. Nouvèl jenrasyon Okap la ap travay tou, Cap Connection se yon egzanp, lè wap tande « fè pas » ki se mereng yo a ou ka panse se Barikad avan ane 2010. Bit la ak refren an pa ka kite ou endiferan, nou swete tande yo apre kanaval la nan lòt mizik.

Anpil lòt mizik ta merite pou n al fè yon ti tande yo, nou pa tap ka detaye tout, men nou envite nou tande kanaval sa yo tou « BBM- Zobodop, Presizyon Mizik – Ki lòt moun, Hotmen Rap – Awousa, Renaissance de Boston – Kanaval Biznis, Krak – Radòt, Brothers Posse – Chochonèt, Raram no limit – Paret tout kow

Yves Osner Dorvil
@yodtipiti
yo.dorvil@tipiti.biz

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.