Sa se Kanaval ! (3e semèn)

Sa se Kanaval !

Tankou chak ane, kou epòk sa rive, anpil ayisyen branche kanaval. Anplis de plezi, defile, yayad, ak taye banda ki gen nan twa jou gra yo, kanaval nan peyi Dayiti chita sou mereng gwoup yo ap sòti pou okazyon an. Ane sa ankò depi komansman mwa janvye a tout moun te gentan branche radyo ak entènèt pou veye ki mizik kanaval kap sòti, kiyès ki pi bèl, kiyès ki pi popilè, kiyès ki di plis pawòl piman bouk, kòman polemik lan ye, kiyès ki pral merite al sou cha pandan defile twa jou gra yo. Se yon tradisyon tou pou nou koute mereng diferan gwoup ki sòti yo epi bay dizon pa nou.

sasekanaval

Nou sou twazyèm semèn depi ke chak jou nouvo mereng ap sòti. Gen plis ke 200 mizik kanaval ki deja deyò. Tankou chak semèn, nou eseye tande mizik sa yo pou nou ka pwopoze ou kèk nan yo. Pou semèn 25 janvye rive 1e fevriye, anpil gwoup sòti mereng; ladan yo nou jwen gwoup yo rele tenò yo, men Kanpèch, Big O ak Simbi extra se gwoup ki atire atansyon nou pi plis. Harmonik pou premye kanaval li, provoke reaksyon lakay pifò moun ak nou menm tou. Nou pap ka pa pale de kanaval Djakout #1 la ki se youn nan Kanaval ke majorite moun tap tan.

Kanpèch pa pran gan.

Depi sou premye kout tanbou moun ki kon Kanpèch ak rekonèt li, refren yo toujou antrenan, melodi yo toujou la, yon bèl prezans gita ak piyano. Mwen pa wè bagay pou moun repwoche Kanpèch kote mizik, li se youn nan gwoup ki fè lonè  gwoup rasin yo. Kote tèks “Kijan li rele” ki se tit Kanaval la, chita sou pwoblèm politik ki travèse peyi a pandan ane 2013 la ak sible yon moun ke tout moun ap rekonèt. Tèks Kanpèch la yon jan manke imaj, li vin dirèk , daprè nou li te ka pi atistik.

Big O, yon lòt dans.

Apre “Pliye kòw” an 2013, ekip Olivier Martely a vin avèk “Kase le zo”. Fwa sa yo akonpaye de Top Adlèman yon abitye Kanaval. Yon kanaval ki amizan ke timoun ap kontan chante ak danse, li raple anpil moun yon gwoup tankou King Posse nan fen ane 90 yo. Se pa yon kanaval ki gen yon tèks enteresan, men li bay anpil plezi pou tande li ak danse li.

Simbie Extra, yon sipriz…

Youn nan sipriz ane sa a se gwoup sa ki sòti Gonayiv. Avèk chantè Disip la, yo ba nou yon kanaval ki sanble anpil ak sa ki tap fèt jiska ane 90 yo nan konpa. Kote mizik anpil melodi, anpil refren, tranzisyon yo byen fèt, yon bon travay mizikal. Kote tèks, yon ti kras ankò li tap choke moun, li limit limit, byen ke gen ti pawòl yo te ka evite. Yo ka sou pakou a, se youn nan gwoup ki ta ka revelasyon ane sa a menm jan Anbyans te fèl nan Kap Ayisyen nan ane 2013.

Polemik la lanse

Harmonik lage kanaval nan semèn nan epi reyisi atire atansyon anpil moun, “4 chapit” se tit mizik sa a.  Li tire pwent sou kat (4) tenò nan konpa yo. Nou ka separe chapit yo konsa tou, de (2) pwent ki chita sou fizik moun epi de (2) lòt pwent mizikal. Pati mizikal la ta pi bon paske li pa sanble yon atak pèsonèl. Anpil moun panse Harmonik twò piti, men pou nou li plis yon amizman ke yon vrè polemik, se pa sèten yap jwen youn nan gwoup sa yo reponn.

Pandan nap pale de Polemik, nap pwofite di de (2) mo sou Djakout#1 ki sòti kanaval li tou nan semèn sa a, san sipriz se sou T-vice pwent li yo dirije sitou Roberto Martino. Si Djakout #1 gen petèt kanaval ki pral souke beton an, avèk anpil pati ki gen ritm ak anpil mouvman ke moun yo pral fè, nan aranjman se jis yon ekip pati yo kole ansanm, tranzisyon yo mal fèt. Nou pap pale de sijè a ki trete yon pati nan vi pèsonèl yon mizisyen T-vice. Bon se konsa yo fè polemik… kounye a.

Gen lòt Kanaval ki ta merite pou nou fè yon ti chita tande yo tou  tankou, Kiko Tru Rasta – Li Ban’m Feeling, Bandjo – Gòl , Silibo Tèt Syèl – Atò Ki Ou, Backup – Bouyi Zen, JahMan – Ale’m Sa

Yves Osner Dorvil (YOD)
Twitter :@yodtipiti
yo.dorvil@tipiti.biz

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.