M renmen renmen ou – Donaldzie Théodore et Rutshelle Guillaume

Mwen renmen  wè timoun k ap kouri

K ap fè lago anba lapli

M renmen wè ou lè w ap souri

K ap viv lavi a san sousi

M renmen ti moman ti souvni

Ki fè mwen kontan fè mwen ri

M renmen sonje w lè ou pati

M renmen tann ou lè wap vini

Refren

Ou se kado lanati ban mwen

Ou se tout sa li pote pou mwen

Ou se tout sa ki konte pou mwen

Ou se tout sa ki banm anvi renmen ou

Ou se kado lanati ban mwen

Ou se tout sa li pote pou mwen

Ou se tout sa k fè m renmen ou

 

Mwen renmen sab cho sou po mwen

Mwen renmen van nan cheve mwen

Mwen renmen dwèt ou kape jwe

Tout nòt sou kò mwen san kanpe

M renmen tande zwazo chante

Mwen renmen flè lè labriz vante

M renmen tande w lè w ap pale

Chalè vwa ou fè m depale

 

Refren

 

Renmen ou rete tou pre m

Se ou ki banm anvi renmen

Pa ale lwen m sinon m pap gen fòs pou m renmen

Ou se tout cham lavi a sak fè m byen

Ou se tout sak fèm renmen ou

 

Chabadouwa, badouwa, badouwa, badouwa, badouwa (x3)

M renmen ou

 

Refren (x2)