Granmoun sonje, Timoun goute

Granmoun sonje, Timoun goute (BNE)

Se nan rasin nou pou nou fouye

Pou n tout kon kiyès nou ye

Nan kilti nou pou nou vanse

Se ladan n ap jwen yon fyète

Di timoun yo laverite[1]

Granmoun sonje, timoun goute : se sou tèm sa Biwo Nasyonal Etnoloji (BNE) deside òganize yon semèn aktivite sòti 14 pou rive 18 janvye 2014 la pou l reflechi sou pwoblèm ki ekziste ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti. N ap raple pou tout moun pandan mwa septanm 2013 la tribinal konstitisyonèl dominiken an te pran desizyon pou retire nasyonalite plis pase 200.000 domiken ki gen paran yo ayisyen. Aktivite sa gen pou objektif analize rapò ki te toujou ekziste ant Ayiti ak Sendomeng yon fason pou rive wè ki rezon ki motive desizyon sa a, epi tou montre popilasyonan li ka manje manje ki sen san li pa bezwen lage vant li bay letranje.

Andan semèn aktivite sa gen fwa gastwonomik, pataj resèt , ekspozisyon liv ak dokiman ki pale sou relasyon Ayiti ak Sendomeng, konferans-deba. Daprè M. Erol Josué ki se Direktè BNE « li enpòtan pou nou valorize manje nou, pwodui nan peyi a,  se yon devwa pou nou kenbe idantite  nou, pou nou remonte eskanp figi nou kòm pèp lib, nan jan nou manje, jan nou panse, jan nou viv. Paske plis nou pa respekte sa ki ap pwodui lakay nou, plis n ap trennen bòl ble nou, se  plis n ap esklav ».

Granmoun sonje, timoun goute se yon aktivite ki ouvè pou tout moun,  tout ayisyen konsekan ki santi yo konsène nan pwoblèm sa ka vin patisipe. Aktivite sa rive posib gras ak konkou Fakilte Etnoloji, Biwo Ayisyen Dwa Otè, Bibliyotèk Nasyonal, Direksyon Nasyonal Liv,Lèt A gogo, Asosiyasyon Peyizan Kenskòf, Meri Kenskòf, Meri Pòtoprens, ISPAN. Biwo Etnoloji prevwa repran aktivite sa nan lòt vil pwovens yo, pou moman n ap pale la a gen de vil ki deja repon prezan ki se Jakmèl ak Tigwav, nou envite w rete konekte sou Radyo Tipiti pou ou ka konnen nan ki dat pwochen aktiviteGranmoun sonje, timoun goute  a ap gen pou l fèt.

Edine Célestin

e.celestin@tipiti.biz



[1] Lataye: Edike

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.