Ayiti : Yon bon Gold Cup pou konfime mwa jen an ?

Ayiti sot viv youn  nan bèl peryòd nan Istwa foutbòl li. Li sot jwe kont 2 tenò, Espay ak Itali. Avan match yo te jwe, majorite obsèvatè te prevwa ke Ayiti ta pral ranmase gòl nan men gwo tonton ekip sa yo, ki fè pati de dis premye nan klasman Fifa.  Sitou seleksyon Ayiti a  te sot fè 2 move rezilta kont Oman (3-0) ak Sendomeng (3-1), pat gen gwo atant pou grenadye yo.

Ayiti Jwe byen devan nimero 1 mondyal yo.

Ayiti - Espay

Premye match kont Espay, 8 jen 2013 nan Sun Life Stadium. Komansman match la respekte prediksyon yo. Avan 20 minit Espay tap menen 2- 0 gras ak Soldado epi Fabregas, ekip Ayiti a te pran gòl sa yo malgre li tap jwe ase byen. Premye mitan te fini konsa. Dezyèm mitan match la, Ayiti te vinn ap jwe pi byen. Espayòl yo te sou presyon, yo fè anpil fot, ekip la te reyisi kenbe balon an plis ke jwè panyol yo. Tout Ayisyen tap espere yon gòl, sa ke Donald Guerrier ta pral ofri yo. Sou yon koufran pou Ayiti, espanyòl yo degaje, Donald pran boul la, bay yon advèsè yon sentiron,drible gadyen an et fè gol la. Sete la jwa nan stad la ak nan Peyi d’Ayiti. Match la te fini konsa. Ayiti te pèdi match la men nou te sòti fyè de jan nou te jwe devan nimero 1 mondyal la.

Ayiti Kreye sipriz devan Itali

Ayiti-Itali

4 jou apre, jou ki te 12 jen a, se nan peyi Brezil ke Ayiti te gen randevou ak Italyen yo. Menm jan ak Espay, Italy bay yon gòl bonè gras a Giaccherini depi nan premye minit match la. Men Ayiti te vin reprann li,e pran match la nan men Italyen yo, (Mitan 1-0). Nan dezyèm mitan Ayiti te peze plis sou akseleratè a sitou ak Lyonel St Preux ki plizyè fwa drible defansè italyen yo sou aplodisman piblik la an majorite Brezilyen ki te nan stad la, men aksyon li yo te manke finisyon. Malgre jan ekip la tap roule boul, Ayiti ta pral pran yon dezyèm gol nan 71èm minit match la apre yon aksyon Balotelli ki santre et Marchisio fè gòl la. Boul la te sanble sòti deyò nan aksyon Balotelli a men abit la pat sifle. Ayisyen yo ta pral double efò yo et sou yon aksyon Jean Eudes Maurice, ekip la ta pral jwenn yon penalite, Olrich Sorel patapral tranble devan Marcheti e ta pral redwi skò a pou Ayiti. Menm jan ke kont Espay nou te make yon gòl. Sa pa ta pral rete la, grenadye yo ta pral kontinye atake e nan tan adisyonèl yo Mechak sou yon long bal ta pral jwen Peguerro ki nan mitan 2 Italyen, ta pral egalize. Sete la jwa nan peyi d’Ayiti ou te ka li lajwa nan figi moun yo, anpil ti gwoup tap fè komantè sou match la.”Yo konnen nou kounye a” se pawòl yon Ayisyen a yon lòt. Se vre nan espas yon semèn nou te fòse mond foubòl la pale de nou ak respè.

Apeti a vini pandan wap manje.

Apeti a vini pandan wap manje, te gen yon epòk pase premye tou nan Gold Cup te satisfè piblik Ayisyen an. Avec 2 match kont 2 gwo pisans foutbal sa yo, Ayisyen yo plase esperans yo wo. Yon gwo animatè nan Peyi a di ke apre 2 match sa yo Ayiti plasel kom favori Gold Cup la ki ap oganize soti 7  rive 28 jiyè 2013 nan peyi Etazini. Mwen pa pral antre nan deba si li gen rezon ou non, men sa ki sèten advèsè Ayiti yo wèl tankou yon ekip ki pwal bay pwoblèm, et yo pral monte teren ak anpil motivasyon. Pandan ke Ayiti pral tan plis de grenadye yo, ekip en fas yo tou pral bay plis devan li.

Ayiti te nan posizyon favori Gold Cup déjà

Nan istwa foutbòl Ayiti, nou ka sonje lè grenadye te fin chanpyon koup karayib an 2007, ekip ke Louis Amélio Garcia tap dirije te aliyen 3 bèl viktwa sou 3 ekip amerik santral (Panama 0-3, Salvador 0-1, Honduras 1-3), sondaj sou sit Goal cup la te plase ekip Antiyè a kòm premye favori. Men rive nan konpetisyon a, grenadye yo pat kapab pase premye tou, nan poul yo ki te gen Guadeloupe, Costa Rica ak Canada. Sete yon gwo desepsyon. Avan aparisyon Gold cup la en 1991, sete tounwa ki te sèvi pou eliminatwa mondyal la kite sèl tounwa rejyonal. Pou enfomasyon,  Ayiti chanpyon yon fwa en 1973 et finalis 2 fwa an 1971 ak 1977, sete gwo epòk foubòl Ayisyen an.

Kenbe tèt li sou zepol li

Ak yon lòt antrenè kiben, Israël Blake Cantero nan tèt li Ayiti ap parèt an fòs nan Goal Cup la, kisa ki ka anpeche yon lòt gwo desepsyon. Daprè mwen fòk jwè Ayiti yo gen tèt yo sou zepòl yo, sa vle di fòk yo gen konfyans nan tèt yo san yo pa rive nan arogans. Fòk peyi a kanpe dèyè ekip la san sèvi avèl pou enterè yon moun ou yon gwoup. Gen kòmantè ki fèt kap konpare nou ak gwo ekip ki nan mond la, men fanatik yo dwe konnen nou poko rive nan wo nivo a, jwè yo ak staf la ap travay pou sa, men wout la long.

Ayisyen pa dwe kache jwa yo, grenadye yo sot bay yo yon bèl semèn foutbòl, li nòmal pou yo sòti, chante, danse e si lapli pat tonbe nan Pòtoprens fèt la tap pi bèl nan lari a apre match kont Itali a. Men apre fòk yo ka desann sou tè, menm jan ak jwè yo fòk yo gade tèt yo sou zepòl yo e fè travay yo ki se sipòte ekip nasyonal la. Nan yon mwa se pwal yon lòt chapit ki pral ouvè et tout Ayiti kap tann pou yo fete chak gòl grenadye yo.

Yves Osner Dorvil (Yod)
https://tipiti.biz
Twitter (@yodtipiti, @Tipitibiz)

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.