Starloff ak James li Pèlen Tèt pou nou

Starlof Tropfort ak James Saint-Felix Ap li Pèlin Tèt

Starlof Tropfort ak James Saint-Felix se 2 jèn ki tap fè reviv nan yon lekti senik “Pèlen Tèt”, kise yon teks Franketienne te mete sou sèn nan fen ane 70 yo. Pyès sa konsidere kòm pi gwo siksè teyat Ayisyen a. Preske 200 moun te asiste ak lekti sa nan sal Unesco-Fokal ki nan “Avenue Cristophe” jou ki te mèkredi 29 mai 2013 la.

Anpil griyen dan te akonpaye ti mesye yo nan reprezantasyon yo. Rega, jès ak men yo, ton vwa yo te pèmèt ou vwayaje et antre nan lavi Pyram ak Polidò, 2 moun ke lavi (pou rezon diferan) mennen sou yon tè etranje.

Yon repwòoch ke kèk moun nan asistans la fè, aktè yo repwodwi pèfomans ke Roland Dorfeuille (Pyram) ak Jean Claude Martino (Polidò) te genyen nan menm pyès la, yo te manke mete touch pa yo. Pa gen gwo diferans ak vèsion radyofonik ke radyo Ayiti yo pase souvan, ak jan Starlof Tropfort ak James Felix James te entèprete pèsonaj yo nan sal Unesco-Fokal la. Pou kèk moun se yon defo, pou kèk lot se yon kalite.

Ke se nan radyo ou sou sèn se yon plezi pou nou tande dialòg ant Polidò ak Piram, men mwen tap pi kontan wè pyès sa mete an sèn avèk 2 aktè sa yo ki sanble ka fè (e vle fè) plis ke yon lekti sènik.

Lekti sa te fèt nan Kad kenzèn Liv et se France Medeley Guilloux ki te dirije aktè yo.

Yves Osner Dorvil (Yod)
https://tipiti.biz
Twitter (@yodtipiti, @Tipitibiz)

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.