Foutbòl : Ayiti kont Espay ak Itali

[error][/error]

Li pa fasil pou nou wè jwè Ayisyen yo ap jwe foutbòl devan lòt ekip nasyonal yo konsidere kòm pi fò yo. Pandan nou te gen pwoblèm politik an 2004, Ayiti te jwen chans jwe kont Chanpyon Brezilyen yo, nan Stad Sylvio Katò (Pòtoprens). Men match sa te jwen yon ekip Ayiti ki te gen apèn yon semèn preparasyon. Sete yon match Imanitè, ke Ayiti te pèdi 6-0. La se pwal yon lòt istwa, Ayiti pwal jwe kont 2 dènye chanpyon nan mondyal foutbòl, Espay ak Itali. Match sa yo ap jwe nan kad preparasyon Gold cup pou Ayiti ak koup konfederasyon pou Itali ak Espay.

Nan espas yon semèn, nou pwal jwe boul kont 2 nan pi gwo peyi foutbòl sou latè. 8 jèn nan Orlando (USA) pwal rankontre Espagnol Del Bosquer yo, Avek Xavi, Iniesta et Casillas. Apre sa jwè foutbòl nou yo pwal nan peyi Brezil pou jwe kont Italyen Prandelli yo avèk Balotteli ak Pirlo, jou kap 11 jen a.

Pa gen dout sou sa, pwonostik yo en favè 2 ekip eròp yo. Men plis ke rezilta se pwal yon plezi pou nou wè jwè pa nou yo devan gwo ekip sa yo. Grenadye yo (ekip foutbal Ayiti a) pa sispan antrene avèk yon gwoup jwè ki nan chanpyona Ayiti a. Lot Jwè kap jwe nan chanpyona etranje ap rejwen gwoup la nan komansman mwa jen a.

Malgre tout fèblès foutbòl nou a se avèk fyète ke nou pral ankouraje grenadye yo pou yon bon rezilta devan 2 gwo tenò sa yo. Grenadye a laso.

Lis Jwè ki konvoke pou match sa yo :

Gadyen : Frandy Montrevil (Valencia de Leogane), Julien Jospy (AS Cavaly)

Defansè : Jean Garry Rubin (America Des Cayes) Bitielo Jean Jacques (VSI Tampa Bay FC), Olrish Saurel (Don Bosco), Wilde Donald Guerrier (America Des Cayes), Mechack Jerome (Sporting Kansas), Kevin La France (Baník Mos), Judelin Aveska (Independiente Rivadavia)

Mitan Teren : Jean Sony Alcenat (FC Petrolul Ploieşti), Jeff Louis (AS Nancy), Constant Monuma (Racing Club Haitien), Peterson Joseph (Sporting Kansas), Jean Eudes Maurice ( FC LE MANS), Jean Mark Alexandre (Orlando City), Yves Hadley Desmaret ( C.F. Os Belenenses)

Atakan : Kervens Fils Belfort (FC Le Mans), Peguero Jean Philippe (Don Bosco), Leonel Saint Preux (FELDA United F.C. )

 Yves Osner Dorvil (Yod)
https://tipiti.biz
Twitter (@yodtipiti, @Tipitibiz)

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.