Festival djaz Pòtoprens

Festival djaz Pòtoprens ap fèt soti 19 fevrye pou bout 26 fevrye kap vini la a sou tèm “Ayiti pi djanm ak djaz”. Se pral senkyèm edisyon festival la ki ap gen pou li akeyi plizyè atis ki soti nan peyi ki chita nan kontinan ameriken ak Ewòp : Almay, Brezil, Chili, Espay, Etazini, Lafrans, Meksik. Plizyè atis ayisyen pa bò isit oswa nan diaspora ap patisipe nan festival la tou. Evènman an ap pase pandan yon semèn sou 7 sèn nan kapital la.

Bal la ap louvri nan « Parc Historique de la Canne à Sucre » ak chantèz « Beatriz Malnic » ki soti Brezil e « Aaron Goldberg », ki se yon gwo pyanis ameriken. Se « Mino Cinelu », ki sou menm sèn nan kap fèmen festival la ansanm avèk « Carsten Daerr Trio » epi « Pauline Jean ».

Festival la fèt anba banyè Ministè Kilti ak Kominikasyon avek anpil lòt patnè tankou Fokal ki ap akeyi lakay li gwoup ki soti Meksik : Eblèn Macari Trio, samdi 26 fevriye a 4 è nan lapre midi. Gwoup sa a gen nan tèt li kompozitè, gitaris meksiken ki gen rasin li nan peyi Liban : Eblèn Macari Matinèz. Mizik yo fè yon melanj guita kontanporèn Amerik latin avèk son etnik ki soti toupatou nan mond lan, anpil soti nan Mwayenoryan.

Jan li toujou fè l, festival la ap ofri anpil atelye gratis pou jèn mizisyen ki enterese ak djaz pandan lajounen. Malgre yon lane difisil, òganizatè yo fè sa yo konnen pou yo te ka rive fè edisyon sila pandan yap pèsiste nan misyon yo bay tèt yo ki se fè pwomosyon djaz ak djaz kreyòl.
Pwogram

Kèk Enfòmasyon pratik :
Ou ka achte tikè pou konsè kap fèt nan Karibe ak nan « Parc Historique de la Canne à Sucre » nan : Karibe, radio Métropole, Parc Historique de la Canne à sucre, ak nan 2 libreri La Pléiade yo, Petyonvil epi lavil.
Pou konsè gratis avèk Eblèn Macari Trio kap fèt FOKAL, envitasyon yo ap disponib apati mèkredi 23 fevriye nan FOKAL, 143, avenue Christophe.

Publié par Fondation Connaissance et Liberte – FOKAL – OSI Haiti

Les commentaires sont fermés.